Accessibility links

Breaking News

4 Jiyè 1776 - 4 Jiyè 2013 : Demokrasi Amerikèn nan Gen 237 An


Jenn moun kap patisipe nan selebrasyon anivèsè endepandans Lèzetazini, 4 jiyè 2013, nan vil Apalachicola, Eta Florid (Foto AP/David Tulis)
Jenn moun kap patisipe nan selebrasyon anivèsè endepandans Lèzetazini, 4 jiyè 2013, nan vil Apalachicola, Eta Florid (Foto AP/David Tulis)
Jedi 4 jiyè 2013 la, Lezetazini ap selebre anivèsè endepandans li. 4 jiyè ane sa a make 237èm anivèsè deklarasyon endepandans peyi a nan men la Grann Bretay. Tradisyonèlman, sitwayen ameriken yo selebre anivèsè sa a avèk parad, piknik, egzibisyon fe datifis, dewoulman aktivite espòtif (espesyalman football ameriken) avèk konsè. Patikilarite dekorasyon yo nan okazyon 4 jiyè a se koulè drapo ameriken an : ble, blan ak wouj.

Pandan jounen jedi a, Estati Libète a nan vil New York, yon senbòl inivèsèl libète ak demokrasi, ap resevwa visitè pou lapremye fwa depi Siklòn Sandy te frape kòt nodes Lèzetazini nan ane 2012 la. Estati sa a. ki mezire 93 mèt de wotè, pat sibi twòp dega pandan pasaj siklòn nan ; men ti zile kote li plase a te devaste. Plizyè santèn moun ki travay nan konstriksyon te pase plizyè mwa ap travay pou repare l.

Moun kap vin nan kapital Lèzetazini an, vil Washington, DC, avèk plizyè milye vizitè ki sòti nan divès eta e nan peyi etranje, ap patisipe nan selebrasyon anyèl fèt 4 jiyè a sou sa yo rele Mall Nasyonal la, swa yon gwo plas piblik ki kouvri plizyè kafou, sòti devan Kapitòl la (ki se lokal Kongrè ameriken an) pou rive dèyè La Mezon Blanch. Ane sa a chantè-konpozitè Barry Manilow se atis prensipal la nan pwogram nan. Aprè konsè a, yon gwo egzibisyon fedatifis pral limen syèl kapital federal la.
XS
SM
MD
LG