Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Apwouve yon Pwopozisyon-Lwa sou Refòm nan Sistèm Imigrasyon an


Nan yon vòt ki dewoule nan fen jounen jedi 27 jen 2013 la, sena ameriken an apwouve yon pwopozisyon lwa ki kapab pote refòm istorik nan sistèm imigrasyon Lèzetazini an.

Si Prezidan Oabama ap tann avèk enpasyans okazyon pou l siyen lejislasyon sa a pou fè l tounen yon lwa, dokiman an sanble pral rankontre anpil difikilte nan chanm depite a ki dwe apwouve l nan menm fòm li pase nan sena a, anvan pou l ale nan biwo prezidan ameriken an pou siyati.

Senatè demokrat Richard Durbin, youn nan palmantè ki te prapare pwopozisyon-lwa a, eskplike sa l ka fè pou plizyè milyon etranje k ap viv ilegalman Ozetazini. Misye Durbin di:
"Se yon lejislasyon kap pèmèt 11 milyon moun pa pè prezante tèt yo, idantifye yo, enskri nan yon biwo gouvènman an, peye taks yo, peye yon amand, kite otorite yo verifye dosye kriminèl yo, anvan Leta pèmèt yo rete nan peyi a."

Tout etranje k ap viv ilegalman Ozetazini e ki va pase tès Senatè Durbin detaye yo, pral kapab ranpli kondisyon pou yo tounen sitwayen ameriken, menm si se yon pwosesis ki va pran anpil tan.
XS
SM
MD
LG