Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Venezuela: Maduro ak Martelly Pale de Ranfòsman Rapò 2 Peyi yo


Prezidan venezuelyen an, Nicolas Maduro.
Prezidan venezuelyen an, Nicolas Maduro.
Prezidan venezuelyen an Nicholas Maduro retounen Caracas byen ta madi 25 jen 2013 la, aprè yon vizit kèk èd tan ann Ayiti kote li rankontre, antwòt, avèk Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Laurent Lamothe.

Nan yon konferans pou laprès Prezidan Maduro bay ansanm avèk Prezidan Martelly, nan palè nasyonal la, anvan li te kite Pòtoprens, li ensiste sou rekonesans Venezuela genyen pou Ayiti akoz bèl jès prezidan ayisyen Alexandre Pétion te fè lè li te resevwa liberatè Amerik di Sid la, Simon Bolivar, an 1816, epi ba li zam, minisyon ak lajan pou l te kapab kontinye lagè ki ta pral debouche sou endepandans divès peyi nan Amerik di Sid la, tankou Venezuela, Kolonbi, Ekwatè, elatriye. Poutèt sa, "Venezuela genyen anvè Ayiti yon dèt istorik e moral ke lajan pa kapab peye", daprè Misye Maduro.

Bò kote pa l, Prezidan Michel Martelly -ki rele "Viv kowoperasyon ant Venezuela ak Ayiti"- chante lwanj rapò ki egziste jounen jodi a ant 2 peyi yo. Misye Martelly ensiste pou l pwoklame byen wo e byen fò sa li konsidere kòm yon gwo verite; se le fèt ke -nap site: “94 pousan tout pwojè devlopman kap fèt ann Ayiti jounen jodi a resevwa finansman peyi Venezuela”, atravè inisyativ ki rele Petro-Caribe a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj Clarens Renois.
XS
SM
MD
LG