Accessibility links

Breaking News

Atak Militan nan Kaboul – Tout Asayan yo Mouri, daprè Otorite yo


Manm lame Afganistan an ap mennen ankèt tou prè baryè palè prezidansyèl la nan Kaboul (Foto: 25 jen 2013).
Manm lame Afganistan an ap mennen ankèt tou prè baryè palè prezidansyèl la nan Kaboul (Foto: 25 jen 2013).
Nan Kaboul, kapital Afganistan, otorite yo fè konnen lame repouse yon atak militan yo lanse byen bonè nan kòmansman jounen madi 25 jen 2013 la, tou pre palè prezidansyèl la. Daprè menm sous la, tout atakan yo pèdi lavi yo.

Mouvman Taliban an pran responsablite pou atak la. Moun te ka tan de bri eksplozyon ak kout zam lou nan yon zòn kote gen gwo rasanbleman zam pou pwoteje pati sa a nan kapital la kote ou jwenn Depatman Defans la ak anbasad Lèzetazini an.

Daprè otorite yo toujou, militan yo lanse atak sa a nan Kaboul nan moman jounalis tap rasanble pou yon konferans-pou-laprès Prezidan Hamid Karzai ta pral bay. Moun poko konnen egzakteman ki kote misye Karzai ye. Lidè afgan an genyen rezidans li nan building militan yo atake a.
XS
SM
MD
LG