Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon : Apèl Vis-Prezidan Ameriken Joe Biden pou Prezidan Martelly/ Reyaksyon


Nan pwogram lib tribin Lavwadlamerik Dyaloge ak Etazini, edisyon vandredi 21 jen 2013 la, moderatè nou yo te santre atansyon yo sou eleksyon ki ta dwe dewoule anvan lontan nan peyi Dayiti pou renouvle yon tyè sena a epi bay pèp la okazyon pou l chwazi dirijan gouvènman lokal yo.

Jacques Jean Baptiste ak Jean Pierre Leroy te kòmanse pa mande youn nan envite yo, Lucien Jurat, pòtpawòl prezidans la nan Pòtoprens, kijan li te ka eksplike gwo diferans ki egziste nan kontni yon kominike La Mezon Blanch pibliye sou yon konvèsasyon telefonik ki te dewoule mèkredi pase a ant Vis-Prezidan ameriken an, Joe Biden, ak Prezidan Michel Martelly, epi kontni yon nòt pou laprès biwo prezidans la ann Ayiti te pibliye jedi 20 jen an sou menm sijè a.

Nan konvèsasyon telefonik la, antwòt, Misye Biden te egzòte lidè ayisyen an pou l òganize eleksyon ane sa a nan peyi Dayiti.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute repons Misye Jurat ak opinyon pwofesè Sauveur Pierre-Etienne, lidè pati politik OPL (Oganizasyon Pèp kap Lite) sou kesyon pou konnen eske eleksyon ap kapab dewoule anvan fen ane 2013 la nan peyi Dayiti.
XS
SM
MD
LG