Accessibility links

Breaking News

New Delhi ta Dwe Patisipe Plis nan Efò pou Lite Kont Chanjman Klima a


Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ankouraje peyi Lend pou l patisipe plis nan efò pou konbat chanjman klimatik yo; daprè chèf diplomasi amerikèn nan, li enpòtan pou New Delhi kontinye fè pwogrè nan kontribisyon li pote nan lit sa a. Msye Kerry rive nan New Delhi aprè yon eskal nan Qatar kote li te rankontre yon gwoup minis afè etranjè pou yo te abòde sitiyasyon an nan Siri.

Sekretè Deta a, ki te pran lapawòl sou premye jou vizit 3 jou nan peyi Lend, deklare: “Mwen konprann priyorite New Delhi se reyalize angajman li pran fè developman epi elimine povrete; se yon priyorite ki enpotan anpil. Sepandan, si nou echwe nan efò nap fè ansanm pou n fè fas a defi chanjman klimatik yo poze, sa ka pote echèk tou pou reyalizasyon rèv Lend genyen pou l pote kwasans ak devlopman nan peyi a.”

Msye Kerry ajoute: “Kòm pi gwo demokrasi ki egziste nan lemond, Lend ka jwe yon wòl enpòtan nan efò kap fèt pou apiye dewoulman eleksyon nan Afganistan nan ane 2014 la, si l ede gouvènman afgan an amelyore sistèm elektoral li a epi tabki kad ki nesesè pou rezoud mezantant yo.”
XS
SM
MD
LG