WASHINGTON, DC —
Visprezidan ameriken an, Joe Biden, ankouraje prezidan ayisyen an, Michel Martelly, òganize eleksyon senatoryal e lokal ane sa a. Ankourajman sa a sòti pandan yon konvèsasyon nan telefòn misye Biden te genyen mèkredi 19 jen an ak misye Martelly.
Pandan konvèsasyon an, dapre yon nòt Lamezon Blanch pibliye jedi 20 jen an nan Washington, DC, visprezidan Biden souliyen enpòtans eleksyon sa yo nan ranfòsman baz demokratik yo ann Ayiti, e li chante lwanj pou eleksyon reyisi e pasifik Ayiti te òganize e ki te mennen misye Martelly sou pouvwa a, epi li ankouraje prezidan ayisyen an òganize eleksyon nan ane 2013 la.
Envitasyon visprezidan Etazini an tonbe nan moman sektè politik yo ann Ayiti ap mande eske vòt la ap kapab dewoule vre anvan fen ane sa a, jan premye minis Laurent Lamothe te pwomèt li, sa pa gen lontan, nan yon emisyon lib tribin "Dyaloge ak Etazini, Lavwadlamerik.
Mèkredi, misye Lamothe te rankontre ak Mr.Emmanuel Ménard, prezidan Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an---enstitisyon ki dwe mete sou pye eleksyon an.
Premye minis Lamothe reyafime prezidan CTCEP a sipò tout enstitisyon leta yo e l pwomèt pou l bay enstitisyon elektoral la tout èd li bezwen.
Deklarasyon chèf gouvènman ayisyen an se yon repons pou pwoblèm misye Ménard te evoke ak premye minis la, tankou absans lokal ak Biwo Elektoral Kominal (BEK) e Depatmantal (BED) ki pa enstale, san konte lòt pwoblèm lojistik ki egziste men ke prezidan CTCEP a pat detaye.
Eleksyon pou renouvèlman 1/3 sena a ak asanble kominal ak kolektivite teritoryal yo te dwe dewoule depi anviwon 1 an edmi men yon seri reta nan kalandriye elektoral la--reta ki makònnen ak pwoblèm politik e ak dezas natirèl, tankou; siklòn, inodasyon, elatriye, lakòz pwosesis la pa janm ka demare.
Visprezidan Joe Biden reyasire prezidan Martelly Lèzetazini se yon zanmi fèm e yon patnè Ayiti...e l di lidè ayisyen an la p tann ak enpasyans (opòtinite) pou l ranfòse kooperasyon ant 2 peyi yo pou ede Ayiti bati yon avni pi pwospè e yon peyi ki gen pi plis sekirite pou pèp li.
Konvèsasyon pa telefòn Visprezidan Joe Biden ak Prezidan Michel Martelly a antre nan kad "pousuit dyalòg yo te tanmen pandan somè chèf Leta ak chèf gouvènman peyi Karayib yo ki te dewoule nan Trinite ak Tobago nan fen mwa me a.