Yon aktè ameriken James Gandolfini ki abitye jwe wòl yon chèf mafia nan seri dramatik pou televizyon « The soprano »mouri a laj 51 nan pandan li te al pase vakans ann Itali.
Doktè nan yon lopital vil Rome fè konnen aktè a mouri nan sak sanble ak yon arè di kè malgre efò yo te fè pou re-bal la vi.
James Gandolfini te ale ann Itali pou l asiste yon festival fim k ap dewoule lòt bò a. Aktè ameriken dorijin italyènn nan te ranpòte pandan li te vivan 3 twofe Emmy pou wòl li te jwe kom Tony Soprano, yon patwon mafiozo vyolan ki tap suiv tretman psikyatrik an sekrè.
David Chase ki te kreye seri televizyon the Soprano a fè konnen li konsidere James Gandolfini kom yon jeni e youn nan pi gwo aktè ki te egziste nan epok nap viv kounye a.