Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama ak Premyè Dam Amerikèn nan, Michelle, Felisite Ilandè yo Pou Pwogrè yo Fè Sou Chimen Lapè


Prezidan ameriken an Barack Obama k ap pale devan envite yo nan Waterfront Hall la nan Belfast, Ireland Di Nò, 17 jen 2013 la.
Prezidan ameriken an Barack Obama k ap pale devan envite yo nan Waterfront Hall la nan Belfast, Ireland Di Nò, 17 jen 2013 la.
Anvan inogirasyon somè G-8 la ki louvri jlendi 17 jen an nan Belfast, prezidan ameriken an, Barack Obama, egzòte jèn irelandè yo kontinye sou chimen lapè peyi yo, "Irelande", chwazi a.

Prezidan Obama ak premyè fanmi prezidansyèl amerikèn nan rive lendi maten nan Belfast e’ l te kite san pèdi tan ayewopò a pou ‘l ale nan Hall "Front de Mer la", kote lidè ameriken an ak premyè dam nan, Michelle Obama, te pran lapawòl youn apre lòt devan yon piblik ki te genyen jèn pou pi fò ladan.

Madam Obama te pale anvan, e li di “jèn yo : desizyon yo va pran nan ane kap vini yo pral defini mond nou pral pataje a:
"Pandan m kanpe devan nou la a jodi a, kite m di nou « mwen pa janm santi m optimis konsa »…Plizyè fwa deja, mwen wè jèn tankou nou chwazi travay ansanm, chwazi lonje lamen youn bay youn lòt pou rale lòt la monte…chwazi abandonnen konfli ak prejije pase yo pou kreye yon avni pi « briyan » pou nou tout".

Apre deklarasyon sa a, madanm Obama te entwodui prezidan an ki pale sou pwogrè Irland Di Nò fè sou chimen lapè apre plizyè ane konfli ant Katolik ak Pwotestan. Li bat bravo pou Irelandè yo e l di efò yo pou yo konstwi yon lapè kap dire kreye yon egzanp pou lemond :

"Pa lòt bò fwontyè nou yo---kounye a, nan kwen pi rekile nan mond yo, genyen moun kap viv nan konfli—konfli etnik, konfli relijyon, konfli tribal…. E yo konnen genyen yon bagay ki pi bon deyò a. E y ap redi pou jwenn yon mwayen pou dekouvri kouman yo kapab sòti anba « men pwa lou » listwa. Mete vyolans sou kote. Ya p etidye sa nou reyalize…e y ap mande eske si Irleande Di Nò ka jwenn lapè nou pa ta kapab fè menman-parèyman. Kidonk, ya p swiv egzanp nou. Nou se prèv « sa k posib » paske lespwa se yon bagay ki kontajyeu. Ya p gade ki sa yo dwe fè…

Lidè ameriken an nan "Irelande" kote l ap patisipe nan Somè G-8 la (gwoup 8 nasyon pi endistriyalize nan lemond yo), yon rankont kote desizyon Lèzetazini pou l voye zam bay rebèl siyen-yo kapab nan tèt ajenda diskisyon yo.
Somè a kap dewoule nan Lough Erne pral reyini lidè prensipal ekonomi mondyal la yo. Misye Obama te rankontre lendi ak premye minis britanik la, David Cameron, anvan ouvèti “woumble a”.

Dirijan yo pale tou ak prezidan ris la, Vladimir Poutine, pou yo diskite sou konfli siryen an. Misye Poutine apiye gouvènman prezidan siryen an, Bashar al-Assad la, kap fè fas ak yon rebelyon depi plis pase 2 zan. Somè G-8 la dwe diskite tou sou fason yo kapab bay ekonomi peyi gwoup G-8 la (kap mache bwete) yon bourad.
XS
SM
MD
LG