Accessibility links

Breaking News

Ann Pote Kole pou yon Bon Anviwonman an ak Timoun yo


Soti madi 31 me pou rive dimanch 9 jen an, responsab Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch (IBESR) òganize yon semèn timoun nan tèt kole ak plizyè òganizasyon lokal, ENPAK pa egzanmp, ak òganizasyon entènasyonal tankou UNICEF, World Vision , Save the Children... Tèm sa a se: An Pote Kole pou yon Bon Anviwonman an ak Timoun yo.

Depi nan lansman semèn nan pou rive nan dimanch 9 jen an / ki se te Jounen nasyonal Timoun/ nou te ka wè timoun yo ki tap fè yon demonstrasyon talan . Yon gwo kout chapo pou Jean Nathan Charleston ak ENPAK ki reyalize, yon lòt fwa ankò, chan tèm Jounen Nasyonal Timoun nan ann Ayiti.

Klike sou ikon agoch la pou koute yon edisyon Pawòl Timoun ki ap bay yon ide sou seremoni lansman semèn timoun yo nan Pòtoprens .
XS
SM
MD
LG