Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Defann Itilizasyon Avyon Telegide pou Konbat Teworis


Nan yon diskou Prezidan Barack Obama fè nan Inivèsite Defans Nasyonal la nan Washington, li defann politik kote gouvènman ameriken an itilize avyon telegide (kidonk, ki pa gen moun ladan yo) pou li konbat aktivite teworis.

Misye Obama chache jistifye yon taktik militè ki te rete sekrè pandan lontan, san moun pat tèlman pale de li tèlman --yon taktik kote lame amerikèn nan itilize avyon sa yo pou li vize e elimine dirijan rezo teworis al-Kaida ak moun ki afilye avèk yo.

Prezidan di taktik sa a deja pèmèt otorite yo dejwe konplo ki te vize aviyasyon entènasyonal, sistèm transpò piblik Ozetazini e ann Ewòp, ak twoup militè kowalisyon entènasyonal la genyen nan peyi Afganistan.
XS
SM
MD
LG