Accessibility links

Breaking News

Pawòl Timoun ap Prezante Oganizasyon Helping Haitian Angels ou Mezon Anj Dayiti


Helping Haitian Angels oubyen Mezon Anj Dayiti, se yon òganizasyon kretyèn non-gouvènmantal ki pa la pou fè benfis. Li gen òfelina nan vil Kap-Ayisyen nan pati Nò peyi Dayiyi kote l ap sèvi plis pase 40 timoun.

Responsab yo, an patikilye Debbie ak Bill Harvey ki se Prezidant-Fondatris Helping Haitian Angels, di li espere timoun sa yo pral tounen jenerasyon ayisyen ki pral chanje Ayiti.

Mezon Anj Dayiti resevwa timoun abandone ak timoun san fanmi. Li mete yo lekòl e menm fè yo aprann yon metye tankou kouti, mekanik, chapantye, san bliye edikasyon relijyez òganizasyon an ba yo yon fason pou yo renmen Bondye, renmen peyi yo renmen pwochen yo, renmen tèt yo e pataje prensip sa yo nan kominote yo.

Madam Harvey ajoute òganizasyon an fè fas ak anpil defi nan efò lap deplwaye pou l fè pwogrè. Pa egzanp, sa te pran yo 2 zan edmi anvan pou yo te rive achte yon teren ki mezire 40 ekta nan rejyon Limonad, pa lwen vil Kap-Ayisyen.

Debbie Harvey presize Mezon Anj Dayiti se yon òganizasyon kretyèn ki ouvè pou tout timoun ki nan nesesite, paske responsab yo kwè nan limyè Jezi-Kri a kap klere pou tout moun. Yon bagay enteresan, sè ke genyen kèk timoun ki gen lajan labank sou non yo akoz travay yo fè.

Pou sa ki gen rapò ak finansman aktivite yo, prezidant fondatris la fè konnen Mezon Anj Dayiti konte sou zanmi, fanmi, manm legliz ak legliz, plis patnè ki fidèl e ki kwè nan òganizasyon an ki renmen travay l ap fè a.

Klike sou ikon agoch la pou koute Debbi Harvey direktris-Fondatris Helping Haitian Angels ki te envite Jacquelin Belizaire nan Pawol Timoun.
XS
SM
MD
LG