Accessibility links

Breaking News

Etazini : La Mezon Blanch Pibliye yon Seri Imèl sou Atak Benghazi a


La Mezon Blanch pibliye anviwon 100 paj lèt elektwonik ki bay detay sou fason li te planifye pou l te bay yon repons piblik sou atak ki te fèt ane pase sou konsila Lèzetazini nan vil Benghazi, nan peyi Libi.

Atak sa a, ki te dewoule nand at 11 septanm 2012 la, te touye anbasadè ameriken an, Christopher Stevens, ak 3 lòt diplomat. Manm repibliken nan Kongrè ameriken an te mete presyon sou la Mezon Blanch pou l pibliye imèl yo.

Yo akize administrasyon Obama a dèske l ap eseye kache enfòmasyon sou le fèt ke te manke sekirite nan konsila a e sou sa otorite yo konnen sou menas teworis ki te poze nan Libi anvan atak la.

Anpil detay ki nan lèt elektwonik sa yo te deja fwite nan piblik la. Men yo montre ke CIA te efase referans ak al-Kaydi, eleman ekstremis nan mouvman Ansar al-Sharia a, avèk avètisman sou yon posib atak teworis ki te nan dènye rapò otorite yo te prepare pou yo bay Kongrè a ak laprès.

Ofisyèl gouvènman Obama a yo di yo te koupe pati sa yo, paske yo pat vle konpwomèt ankèt biwo ankèt federal la (FBI) tap mennen sou dosye a, si yo te bay Kongrè a twòp detay.
XS
SM
MD
LG