Accessibility links

Breaking News

Retonbe Eskandal nan IRS – Direktè Pwovizwa a, Steven Miller, Demisyone.


Foto katye jeneral Internal Revenue Service (IRS) ou Direksyon Jeneral Enpo Lèzetazini an, nan Washington -- 14 me 2013.
Foto katye jeneral Internal Revenue Service (IRS) ou Direksyon Jeneral Enpo Lèzetazini an, nan Washington -- 14 me 2013.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen Minis Trezò a, Jack Lew, egzije e li aksepte demisyon Steven Miller, direktè jeneral pwovizwa IRS (Sèvis Reveni Entèn nan oubyen Direksyon Jeneral Enpo Lèzetazini an), kòm retonbe yon swadizan eskandal kote biwo sa a sanble te komèt diskriminasyon kont kèk gwoup konsèvatè akoz pozisyon yo vizavi pwogram gouvènman an.

Misye Obama abòde dosye a nan kèk deklarasyon li fè pou laprès mèkredi 15 me 2013 la, aprè li te fin rankontre ak minis Lew e avèk prensipal adjwen minis la pou yo te pase an revi rapò yon enspektè jeneral prepare sou afè a. Vrèmanvre, rapò a jwenn ke efektivman IRS te mete sou yon lis kèk gwoup konsèvatè ki te aplike pou egzansyon taks men, akoz pozisyon yo sou kèk pwogram ki montre tandans politik yo, biwo enpò a te fè yo kèk egzijans ilegal oubyen li te poze kondisyon li pa ta dwe poze. Pi gwo otorite nan IRS yo te rekonèt enfraksyon an pi bonè nan semèn nan e yo te prezante ekskiz yo pou konpòtman sa a. Prezidan Obama di kounye a IRS bezwen san nèf, li dwe genyen nouvo dirijan nan tèt li. Prezidan an deklare:

“Jodi a, Minis Lew pran premye dispoziyon an lè li egzije e aksepte demisyon direktè jeneral pwovizwa IRS la. Paske, lè w konsidere diskisyon depaman e trè chofe ki antoure odit ki fèt sou afè a, li enpòtan pou n tabli yon nouvo direksyon nan tèt IRS ki kapab ede nou retabli konfyans pandan nou prale de lavan.”

Prezidan Obama kontinye pou l di li pase Minis Jack Lew lòd pou l mete an plas imedyatman gad-fou ke enspektè jeneral la rekòmande yo, pou anpeche yon eskandal konsa repete nan lavni. Prezidan an ensiste pou l di administrasyon li a pral travay ak Kongrè a pou yo mennen ankèt sou afè a epi jwenn garanti ke yon konpòtman konsa pa janm gen plas li ankò nan mitan administrasyon piblik la Ozetazini. Sou pwen sa a Misye Obama di:

“Demokrat ak Repibliken genyen yon obligasyon vizavi pèp ameriken an pou yo atann de IRS sans responsablite li dwe genyen an. E sans responsablite sa a entèdi li plase preferans politik oubyen santiman paspouki devan onètete nan egzekisyon travay li. »

Nan menm jounen mèkredi a, anvan Prezidan Obama te fè deklarasyon sa yo, depite repibliken John Boehner, Prezidan Chanm Bas la nan Kongrè ameriken an, te pale pou l di sa k pase nan IRS la pa gen ni 2 ni 3 non : se yon gwo vyolasyon lalwa e sa rele krim. Misye Boehner deklare:

“Kesyon map poze, mwen menm, se pa : Kilès moun ki dwe bay demisyon yo? Kesyon map pose, se : Kilès moun ki prale nan prizon poutèt eskandal sa a?”

Prezidan Obama pwomèt pou l reponn kesyon laprès sou dosye a nan jounen jedi 16 me 2013 la, nan yon konferans pou laprès li pral bay nan La Mezon Blanch ansanm avèk Premye Minis peyi Tiki a, Recep Tayyip Erdogan kap fè yon vizit ofisyèl nan Washington.

Lidè ameriken an ap fè fas tou ak 2 lòt pwoblèm : se fason gouvènman l nan te reyaji aprè atak ki te fèt ane pase a sou konsila Lèzetazini nan vil Benghazi, nan peyi Libi ; epi desizyon depatman lajistis te pran pou l sezi dosye apèl telefonik ajans nouvèl Associated Press, nan kad yon ankèt pou konnen kilès ki te bay ajans la detay sou yon operasyon sekrè CIA tap mennen nan peyi Yemèn.
XS
SM
MD
LG