Nan Nijerya, Prezidan Jonathan Goodluck deklare yon eta dijans nan 3 eta nan pati nòdès peyi a devan vyolans ki pa sispann agrave sitiyasyon an nan rejyon sa yo ---vyolans ki gen rapò ak aktivite militan islamis yo.
Prezidan Goodluck deklare :
“Mwen vle ban nou garanti nou pral lage koukouwouj dèyè tout moun ki ankouraje rebelyon kont leta nijeryan an, dirèkteman ou endirèkteman, san bliye kolaboratè yo, rebèl yo ak teworis ki pran plezi touye ajan sekirite, e nou pral trennen yo devan la jistis. Kèlkeswa pri sa a koute, nou pral ranpòte lit kont teworis yo. ”
Misye Goodluck ajoute gouvèman l nan voye plis sòlda al pran pozisyon nan rejyon tankou Borno, Yobe ak Adamaoua-Uni nan kad sa l rele « yon operasyon sekirite enteryè ».
Nan dat 5 me pase la a gwoup militan Boko Haram-nan te atake rejyon Bama kote 55 moun te mouri --pami yo te genyen polisye ak gad prizon. Prezidan Goodluck pale konsa nan yon diskou li fè madi swa e ki pase sou televizyon a travè tout peyi Nijerya.