Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Aristide Kite Silans Li - Reyaksyon Analis Politik Robert Bénodin


Pou pwofesè e analis politik Robert Bédodin, deklarasyon ansyen Prezidan Jean-Bertand Ariside fè pou laprès nan dat 9 me 2013 la, mete sou dènye manifestasyon patizan li yo fè nan Pòtoprens, montre volonte lidè Pati Fanmi Lavalas la pou l reprann plas li sou sèn politik la.

Nan deklarasyon Misye Aristide fè pou kèk radyo nan Pòtoprens, li fè konnen gouvènman an plas la pa kapab rezoud pou kont li pwoblèm mizè ki poze nan peyi a, epi li kritike desizyon administrasyon Martelly-Lamothe la pran pou l mete yon taks 1 dola 50 sou transfè lajan ak apèl telefonik kap sòti nan dyaspora a.

Daprè Misye Bénodin, entèvansyon piblik ansyen prezidan an sou sitiyasyon jeneral la nan peyi a, se yon siyn ki montre Misye Aristide vle okipe ankò espas ki te pou li nan yon pase ki pa twò lwen epi reprann aktivman kontwòl ak oryantasyon kliyantèl politik lavalasyen an.

Klike sou ikon agoch la pou koute reyaksyon pwofesè e analis politik ayisyen Robert Bénodin, ki baze nan vil Orlando, sant Eta Florid.
XS
SM
MD
LG