Accessibility links

Breaking News

Eksplikasyon Kore di Nò sou Kondanasyon yon Sitwayen Ameriken


Nan peyi Kore Di Nò, Kou Siprèm nan bay detay sou rezon ki eksplike akizasyon lajistis te resevwa kont yon vizitè ameriken ki gen orijin koreyèn.

Non vizitè ameriken sa a se Kenneth Bae. Yon tribinal te kondane l mwa pase a pou l pase 15 zan ap fè travo fòse poutèt li te swadizan mele nan yon konplo pou ranvèse gouvènman nò-koreyen an.

Daprè sa yon pòtpawòl tribinal la di ajans nouvèl leta peyi a, lapolis te arete Misye Bae nan vil Rason nan mwa novanm 2012 la pandan li te gen sou li yon yon pakèt dokiman ki te gen ladan yo mesaj anti-gouvènmantal.

Pòtpawòl la ajoute mesye Bae te vle pase pa legliz yo Ozetazini e nan Kore di Nò pou l te chache kapòte gouvènman an nan Pyongyang.
XS
SM
MD
LG