Accessibility links

Breaking News

Vwayaj Prezidan Barack Obama nan Amerik Latin nan


La Mezon Blanch anonse Meksik ak Kosta Rika se 2 peyi Misye Obama pral vizite nan okazyon deplasman sa a.
La Mezon Blanch anonse Meksik ak Kosta Rika se 2 peyi Misye Obama pral vizite nan okazyon deplasman sa a.
Prezidan Lèzetazini an, Barack Obama, ap kite Wasington jedi 2 me 2013 la pou yon vwayaj ofisyèl 3 jou nan Amerik Latin nan kap kòmanse nan peyi Meksik. Objektif la, daprè La Mezon Blanch, se chache ranfòse rapò komèsyal Lèzetazini ak rejyon latino-ameriken an epi fè chita-tande sou domèn tankou refòm nan sistèm imigrasyon an, menas pou sekirite rejyonal ou kontinantal avèk, antwòt, lit kont trafik dwòg la.

Nan Meksiko, Prezidan Obama pral rankontre ak nouvo lidè meksiken an, Enrique Pena Nieto, pou diskisyon ki pral santre sitou sou mwayen ki kapab pèmèt 2 gwo vwazen yo ranfòse relasyon komèsyal yo. Nan yon konferans pou laprès lidè ameriken an te bay semèn sa a nan La Mezon Blanch, li te di jounalis yo 2 mo sou rezon-dèt vizit li o Meksik.

« Nou pral santre anpil atansyon sou domèn ekonomik la. Nou tèlman pase anpil tan deja ap fikse atansyon nou sou zafè sekirite ant Lèzetazini ak Meksik, pafwa mwen panse nou bliye le fèt ke peyi sa a se yon gwo kokenn patnè ki responsab pou yon gwo pati nan echanj komèsyal nou, pou kreyasyon dyòb sou tou lè 2 bò fwontyè nou an. Nou vle konnen kijan nou ka elaji kad la, kijan nou ka amelyore bagay yo epi kenbe yon dyalòg ekonomik sou yon long peryòd. »

Aprè vizit Meksiko a, Misye Obama genyen pou l ale tou nan peyi Kosta Rika kote li pral asiste yon konferans sou devlopman ekonomi rejyonal la. Pwogram sejou li nan San José prevwa kèk chita-tande avèk prezidan kostariken an, Laura Chinchilla.
XS
SM
MD
LG