Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon: Prezidan Sena a di Palman an Ap Tann Lwa Elektoral la avèk Enpasyans


Prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra, mande kolèj elektoral la travay vit pou l voye lwa elektoral la bay palman an anvan lontan pou vòt la ka dewoule an fen ane a.

Ann Ayiti, Prezidan Sena a, Dieuseul Simon Desra, fè manm Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an (CTCEP) pi bonè yo depoze pwojè lwa elektoral la nan palman an, se plis chans ki genyen pou eleksyon yo dewoule anvan fen ane 2013 la .

Senatè Desra denonse tou yon tandans ki ta vle pou eleksyon yo dewoule an 2014 e non pa an 2013. Li lanse yon pinga kont posiblite sa a ; paske, dapre li, sa tap plonje peyi a nan yon kriz enstitisyonèl.

Klike sou ikon agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Junior
XS
SM
MD
LG