Accessibility links

Breaking News

Vizit Sa Majeste Abdala 2, Wa Jòdani an, nan peyi Dayiti


Prezidan Michel Martelly akeyi Souvren peyi La Jòdani a, Wa Abdalla 2, pandan wikenn nan kote, antwòt, Sa Majeste t’al vizite kontenjan jòdanyen ki fè pati Twoup mentyen lapè entènasyonal ki nan peyi Dayiti a (MINUSTAH).

Nan fen sejou Wa Abadalla a nan Pòtoprens, Prezidan Martelly te eksprime apresyasyon l pou vizit la e li pale de posibilite pou 2 peyi yo kowopere nan divès domèn, tankou echanj komèsyal avèk edikasyon an.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild François Junior
XS
SM
MD
LG