Accessibility links

Breaking News

Tansyon sou Preskil Kore a: Sewoul Mande Chitatande sou Pak Endistriyèl Kaesong nan


Sòlda sid-koreyen ap fè patwouy bò barikad ki sou fwontyè 2 Kore yo, toupre vilaj Panmunjom.
Sòlda sid-koreyen ap fè patwouy bò barikad ki sou fwontyè 2 Kore yo, toupre vilaj Panmunjom.
Sou Preskil Kore a, Sewoul pwopoze negosyasyon dirèk sou reouvèti Pak endistriyèl Kaesong nan ke Kore di Nò te fèmen sa pa gen lontan.

Nan Kore di Sid, gouvènman an pwopoze negosyasyon dirèk nan wo-nivo ak Kore di Nò sou posiblite pou yo relouvri pak rndistriyèl Kaesong nan, e li anonse li pral pran yon pozisyon dyanm sou kesyon an si Pyongyang pa bay yon repons pozitif pou pwopozisyon sa a.

Se pòt-pawòl ministè inifikasyon sid-koreyen an, Kim Hyung-suk, ki prezante pwopozisyon an devan piblik la jedi 25 avril 2013 la. Misye Kim li yon deklarasyon kote gouvènman sid-koreyen an di :

« Jodi 25 avril la, gouvènman an pwopoze ofisyèlman negosyasyon dirèk nan wo nivo ant otorite Kore di Sid ak Kore di Nò, pou yo eseye rezoud pwoblèm imanitè ki afekte anplwaye izin Kaesong yo, epi nòmalize sitiyasyon an nan zòn nan. Nou lanse apèl bay Kore di Nò pou l reponn pwopozisyon sa a anvan midi demen vandredi a. »

Ministè Inifikasyon an menase pou l pran dispozisyon ki dyanm --san li pa bay presizyon-- si Pyongyang rejte apèl sa a. Tout operasyon nan pak endistriyèl Kaesong nan te sispann depi Kore di Nò, ki te fache kou kong, te deside wete tout anplwaye li yo nan pak la epi bloke anplwaye sid-koreyen yo pou yo pa antre nan enstalasyon an.

Yon afè de 180 sitwayen sid-koreyen rete nan zòn nan toujou avèk espwa aktivite yo va rekòmanse anvan lontan; men pwovizyon yo genyen avèk yo preske fini e kèk nan mesye-dam sa yo fè konnen gouvènman sid-koreyen an byen kapab ba yo lòd pou yo rantre nan peyi yo si pwoblèm nan pran twòp tan pou l jwenn yon solisyon.
XS
SM
MD
LG