Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Lachin : Omwen 21 Moun Mouri nan yon Konfwontasyon


Drapo Repiblik Popilè Lachin
Drapo Repiblik Popilè Lachin
Nan Lachin, otorite yo fè konnen 21 moun pou pi piti pèdi lavi yo aprè yon lese-frape ki te pete pandan lapolis tap mennen yon ankèt sou moun yo sispèk kom kriminèl nan pwovens Xinjiang, nan pati nòdwès peyi a.

Daprè medya leta chinwa a, goumen an te kòmanse madi 23 avril 2013 la nan moman yon gwoup travayè sosyal te vin tonbe bridsou kou sou sa yo konsidere kòm « yon gwoup moun sispèk ki te ame ak kouto » nan awondisman Kashgar. Lè lapolis parèt pou mennen ankèt, batay pete e 15 travayè sosyal ak polisye pèdi lavi yo. Nan menm konfwontasyon sa a, 6 nan sispèk yo resevwa bal e yo mouri.
XS
SM
MD
LG