Accessibility links

Breaking News

Kongrè Ameriken an ap Poze Kesyon sou Efikasite Echanj Enfòmasyon ant Ajans Gouvènman an.


Laprès ap mache dèyè Zubeidat Tsarnaeva (devan, adwat), manman 2 nèg yo sispèk kòm responsab eksplozyon Boston yo, Dzhokhar ak Tamerlan Tsarnaev, nan vil Makhachkala (video anrejistre le 23 avril 2013).
Laprès ap mache dèyè Zubeidat Tsarnaeva (devan, adwat), manman 2 nèg yo sispèk kòm responsab eksplozyon Boston yo, Dzhokhar ak Tamerlan Tsarnaev, nan vil Makhachkala (video anrejistre le 23 avril 2013).
Ozetazini, depite ak senatè ap poze kesyon sou fason echanj enfòmasyon fèt ant divès ajans federal yo nan moman anketè ap chache fè limyè sou eksplozyon bonm ki te sakaje vil Boston semèn pase a.

Senatè Lindsay Graham –ki tap abòde dosye a madi 23 avril 2013 la-- deklare FBI fè l konnen ajans la pat okouran ke youn nan 2 nèg yo sispèk kòm responsab eksplozyon bonm yo, Tamerlan Tsarnaev, te fè yon vwayaj an 2012 nan pwovens Checheni ak Dagestan nan peyi Larisi.

Bò Kote pa l, Minis Sekirite Nasyonal la, Janet Napolitano, fè deoozisyon madi devan komisyon sèvis sekrè Sena a kote li di depatman lap dirije a te byen okouran Tamerlan Tsarnaev te pase 6 mwa nan 2 pwovens ris yo ; men avètisman FBI te bay sou deplasman misye a te ekspire avan li te retounen Ozetazini.

An 2011, FBI te rankontre ak sispèk la pou poze l kesyon sou demand Larisi ; men nan moman sa a, ajan FBI yo pat jwenn misye te genyen okenn koneksyon ak aktivite teworis.
XS
SM
MD
LG