Accessibility links

Breaking News

Fen yon Vizit 2 Jou Prezidan FIFA a, Sepp Blatter, ann Ayiti


Prezidan FIFA a, Sepp Blatter
Prezidan FIFA a, Sepp Blatter
An Ayiti, prezidan Federasyon Entènasyonal Football Asosyasyon an (FIFA), Sepp Blatter, mete fen madi 16 avril 2103 la nan yon vizit 2 jou nan Pòtoprens.

Pandan sejou li nan peyi a, Misye Blatter anonse li pral apiye yon plan pou FIFA ede Ayiti ajoute yon afè de 10 mil plas sou kapasite Stad Silvio Cator la, pi gwo stad ki genyen nan peyi a. Lidè FIFA a pwofite vizit la tou pou l fè yon kout-pye bò stad la kote divès moun ki viktim tranblemanntè 12 avril 2010 la ap viv toujou.

Sou pwogram Misye Blatter pou dènye jounen li ann Ayiti, li rakontre, antwòt, avèk prezidan Michel Martelly.
XS
SM
MD
LG