Accessibility links

Breaking News

Eksplozyon Frape Vil Boston. Bilan : 3 Mò ak Plis Pase 150 Blese.


Ajan medikal ap ede moun ki blese sou "ligne d'arrivée" Maraton Boston an, edition 2013 la, aprè 2 eksplozyon (15 avril 2013).
Ajan medikal ap ede moun ki blese sou "ligne d'arrivée" Maraton Boston an, edition 2013 la, aprè 2 eksplozyon (15 avril 2013).
Anketè federal ameriken ap travay pu yo rive fè limyè sou rezon ki dèyè 2 eksplozyon ki fèt nan maraton vil Bostonan, lendi 15 avril 2013 la, e ki koze lanmò omwen 3 moun tandiske plis pase 150 lòt blese. Biwo Ankèt Federal la (FBI) pran tèt yon operasyon ki gen patisipasyon divès ajans gouvènman ameriken an, pou mennen ankèt sou sa otorite yo nan La Mezon Blanch konsidere kòm -nap site : “yon zak teworis ki klè”.

Nan yon deklarasyon FBI pibliye nan menm jounen lendi a, li fè konnen li twò bonè pou yo tabli koz ak rezondèt 2 eksplozyon yo ki te genyen yon distans 100 mèt konsa antre yo, preske nan “ligne d’arrivée” maraton an. Byen bonè madi 16 avril la, anketè yo te deja ap travay sou sèn ensidan an kote yo barikade yon gwo perimèt kote yo anpeche ni moun ni machin sikile.

Nan yon mesaj Prezidan Barack Obama mete devan nasyon an a 6 zè 10 lendi swa, li deklare Lèzetazini gen pou l konnen egzatteman kilès ki responsab pou eksplosyon yo e moun sa yo gen pou yo rann kont pou zak la. Prezidan Obama deklare:
« Nou poko konnen kilès ki fè sa ni pou kisa. E moun pa ta de kouri fè sipozisyon toutotan nou pa genyen tout fè yo nan men nou. Men, pinga pèsonn twonpe yo : Nou gen pou n fè tout limyè sou bagay sa a ; nou gen pou n konnen kilès ki fè sa e nap konnen pou kisa yo fè l. Tout moun ki responsab, tout gwoup moun ki responsab, pral gen pou wè tout pwa lajistis peze byen lou sou do yo. »

Misye Obama te kontinye pou l fè konpliman pou rapidite repons sèvis lokal konsène yo nan Boston aprè eksplozyon yo; e li pwomèt tout ajans gouvènman federal la ap mete yo a la dispozisyon viktim yo ak fanmi yo pou ba yo konkou ki nesesè, mete sou konsèy ak terapi yo va bezwen aprè trajedi a.

«Lapolis nan Boston, sèvis ponpye, sèvis premye sekou yo, mete sou gad nasyonal la, te bay yon repons ewoyik e yo kontinye fè sa pandan map pale la a. Sa raple nou sakrifis tout ameriken sa yo pa sispann fè chak jou pou byen nou, nan sikonstans difisil kote yo riske pwòp sekirite yo. Nou wete chapo devan tout sila yo ki reponn si rapidman e pèsonèlman nan okazyon trajedi sa-a.»

Bò kote pa l, gouvènè Eta Massachusetts la, Deval Patrick, konfime deklarasyon Prezidan Obama fè lè l di tout ajans federal yo ap pote-kole nan efò pou fè limyè sou sitiyasyon an. Misye Patrick lanse apèl bay popilasyon an nan Boston pou mande l kowopere ak anketè yo e ba yo tout enfòmasyon yo ta genyen sou eksplozyon yo. Gouvènè Patrick di:

“Yon fwa ankò, tout moun ki gen enfòmasyon …. Nou mande yo itilize telefòn espesyal nou bay yo. Li trè, trè zenpòtan pou n genyen enfòmasyon ki osi frèch ke posib e osi vit ke posib.”

Byen bonè madi 16 avril la, otorite yo nan Boston bay yon konferans pou laprès kote yo di ankèt la ap kontinye. Yo repete nesesite pou popilasyon an kowopere ak otorite yo, sitou moun ki te pran foto bò « ligne d’arrivée » a. Komisè gouvènman Boston nan pale pou l di eksplozyon yo se yon zak moun lach, pandan li fè konpliman pou tout manm ajans premye sekou yo, ak tout senp sitwayen ki te prese montre jenewosite yo ak kè imen yo pou viktim move zak sa yo.
XS
SM
MD
LG