Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Demisyon e Nominasyon nan Gouvènman Martelly-Lamothe la


Gouvènman ayisyen an fè yon pase-men nan kabinè ministeryèl la apre demisyon 2 minis : Minis Finans ak Afè Ekonomik la, Marie Carmelle Jean Marie, epi minis Kominikasyon an Régine Godefroy.

Dapre yon kominike ki soti nan biwo premye minis Laurent Lamothe, minis Komès ak Endistri a Wilson Laleau ramplsae Madam Jean Marie; e minis Kiliti a, Josette Darguste, pral okipe pwovizwaman fonksyon Minis Kominikasyon.

Pandansetan reyaksyon kontinye tonbe sou chanjman ki fèt nan guvènman an.

Klike sou ikon agoch la pou w koute yon repòtaj Korespondan nou Rotchild François Junior depi Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG