Accessibility links

Breaking News

Etazini/Diplomasi: Vizit Sekretè Deta John Kerry nan Kore di Sid


Sekretè Deta John Kerry (agoch) ap reponn kesyon jounalis nan Sewoul pandan minis afè etranjè sid-koreyen an, Yun Byung-se ap koute (12 avril2013).
Sekretè Deta John Kerry (agoch) ap reponn kesyon jounalis nan Sewoul pandan minis afè etranjè sid-koreyen an, Yun Byung-se ap koute (12 avril2013).
Chèf diplomasi Lèzetazini an, John Kerry, ki rive byen bonè vandredi 12 avril 2013 la nan Sewoul, kapital Kore di Sid, repete ensistans Washington pou kominote entènasyonal la pa aksepte Kore di Nò kòm yon peyi ki posede zam nikleyè.

Pandan sejou Misye Kerry nan Sewoul, li pral fè chita-tande avèk otorite sid-koreyen yo, san bliye prezidan Park Geun-hye. Chèf diplo0masi amerikèn nan genyen tou pou l rankontre avèk wo-grade militè ameriken ki nan Kore di Sid e kap swiv de trè prè mouvman Kore di Nò ki kapab fè yon lansman misil anvan lontan.
Misye Kerry --ki te gen bò kote l kòlèg sid-koryen li, Yun Byeng-se-- pale pou l di Lèzetazini pap ezite defann tèt li e defann alye l yo. Sekretè Deta a deklare:

“Mwen isit la pou m pale klè pou m di Jodi a, nan non Prezidan Obama e nan non sitwayen ameriken yo, --baze sou akò sekirite bilateral nou genyen-- mwen isit la pou m di Lèzetazini pral defann alye li yo e li pral defann tèt li, si sa nesesè.”

Sekretè Deta Kerry lanse bay Pyongyang yon apèl kote li mande otorite yo nan Kore di Nò sispann fè menas epi retounen bò tab negosyasyon sou mwayen pou yo elimine pwogram nikleyè yo a. Li pa mete dlo nan bouch li pou l deklare Lèzetazini pral fè tout sa l kapab pou l pouse plan ki mande deniklearizasyon preskil Kore a.

“Lèzetazini ak Repiblik Kore, yo tou lè 2 ta renmen wè yon preskil Kore ki gen lapè ladan n; sa vle di yon preskil Kore ki pa genyen zam nikleyè sou li.”

Obsèvatè yo atann yo aske Kore di Nò teste, anvan lontan, yon misil mwayèn pòte pou l demontre kapasite li genyen pou l frape objektif ameriken ki nan rejyon an.
XS
SM
MD
LG