Accessibility links

Breaking News

Venezuela - Eleksyon: Kanpay Prezidansyèl la Preske Rive nan Bout li


O Venezuela, prezidan pwovizwa a, Nicolas Maduro, kandida Pati Sosyalis Inifye a, devan nan sondaj yo sou kandida opozisyon an, Henrique Capriles kèk jou anvan eleksyon kip ran bay yon ranplasan pou defen prezidan Hugo Chavez. Kandida a la prezidans yo rive nan dènye faz kanpay elektoral la anvan eleksyon ki gen pou dewoule dimanch 14 avril la.

Plizyè milye patizan 2 kandida yo te reyini pou yo tande yo mèkredi 10 avril la. Misye Maduro –ki tap mennen kanpay nan eta Trujillo-- bay elektè yo garanti, yon fwa ankò, lap respekte yon alyans li te genyen ak defen prezidan Hugo Chavez e li pran angajman pou l kontinye ak mouvman sosyalis la.

Sepandan kandida opozisyon an, Henrique Capriles, ki tap pale ak patizan l yo nan eta Zulia, di refòm Chavez yo pa bon pou ekonomi peyi a paske, antwòt, yo ralanti pwogrè nouvo biznis yo. Dènye sondaj yo montre prezidan pwovizwa a, Nicolas Madura, ap mennen ak yon gwo avans sou kandida opozisyon an, Henrique Capriles.
XS
SM
MD
LG