Accessibility links

Breaking News

Etazini - Sosyete: Ouvèti Deba nan Sena a sou Pwojè-Lwa sou Kontwòl Zam


Sena ameriken an kòmanse fè deba jedi 11 avril 2013 la, sou yon pwojè-lwa sou kontwòl zam ki jwenn apui demokrat kou repibliken.

Se youn nan lejislasyon ki pwovoke plis pawòl-anpil ak plis emosyon atravè tout peyi a. Gen anpil posibilite pou palmantè demokrat yo -ki an majorite nan Sena a- ranpòte laviktwa sou repibliken konsèvatè yo kap fè efò pou yo bloke pwojè-lwa a e anpeche l vin sou letapi pou konsiderasyon .

Yon antant ant Senatè demokrat Joe Manchin ak Senatè repibliken Pat Toomey sou etid dosye moun kap achte zam yo, ouvè pòt la pou deba yo kòmanse.

Yon fiziyad ki te fèt nan mwa desanm 2012 la, kote 26 timoun ak pwofesè nan yon lekòl primè nan vil Newtown, nan Eta Connecticut, vin remete kesyon kontwòl zam nan nan mitan aktyalite nasyonal la.

Prezidan Barack Obama, bò kote pa l, di gouvènman federal la gen obligasyon pou l pran aksyon sou kesyon an.

Sepandan manm Asosyasyon Nasyonal sou Dwa Pòdam nan (abreje angle: NRA), yon gwoup ki gen anpil enfliyans e ki reyini pwopriyetè zam yo, mete li an kwa devan tout efò pou peyi a gen yon lwa sou kontwòl zam, paske, daprè yo, konstitisyon an bay tout sitwayen ameriken dwa pou yo posede e pote zam.
XS
SM
MD
LG