Accessibility links

Breaking News

Menas yon Lòt Tès Misil Nò-Koreyen. Lèzetazini ak Kore di Sid sou Lekiviv.


Sòlda sid-koreyen, ki nan vilaj Panmunjom, ap obsève Kore di Nò ak yon longvi nan Pòs Obsèvasyon Dora a tou prè fwontyè 2 peyi yo (10 avril 2013).
Sòlda sid-koreyen, ki nan vilaj Panmunjom, ap obsève Kore di Nò ak yon longvi nan Pòs Obsèvasyon Dora a tou prè fwontyè 2 peyi yo (10 avril 2013).
Fòs militè ameriken ak sid-koreyen twouve yo nan yon eta dalèt trè zelve nan moman otorite yo di li posib pou Kore di Nò fè yon lòt tès misil nenpòt ki lè. Devan posiblite sa a, pòtpawòl ministè defans sid-koreyen an, Kim Min-seok, pale pou l di peyi li pare pou l fè fas ak tout lansman misil nò-koreyen. Misye Kim deklare:

«Fòs zame nou an preokipe devan menas yon posib lansman misil nò-koreyen poze pou tèritwa nou ak sekirite pèp nou an. Alòs, nou mete an plas tout yon sistèm defans. Se konsa tou, nou fè preparasyon ki nesesè dekwa pou nou kapab konnen ki kote misil la prale, si Kore di Nò lanse youn. »

Daprè pòtpawòl Kim, gouvènman sid-koreyen an kwè lansman misil la kapab fèt nan jounen lendi 15 avril 2013 la, oubyen menm anvan dat sa a ki raple anivèsè nesans defen fondatè eta nò-koreyen an, Kim Il Sung. Dat sa a se yon gwo jou ferye nan peyi kominis izole a (an palan de Kore di Nò). Nouvèl yo fè konnen tout aktivite ralanti nan zòn fwontyè ant 2 Kore yo, nan moman gouvènman nò-koreyen an plase misil li yo nan yon pozisyon dekwa pou yo kapab frape objektif ameriken ki nan rejyon an.

Pandansetan, nan Washington, minis defans ameriken an, Chuck Hagel --ki tap abòde sitiyasyon an mèkredi 10 avril la nan Pentagòn nan-- deklare aksyon Kore di Nò ap poze la yo, se aksyon ki innaksektab. Minis Hagel deklare:

« Avèk deklarasyon Lwi-Jan Boje li yo, avèk kalte aksyon lap poze la yo, Kore di Nò ap pwoche chak jou pi pre liyn danjere a. Aksyon ak pawòl sa yo pa ede kalme yon sitiyasyon ki chaje ak tansyon. »

Yon lò kote, responsab yo nan Japon rete an eta dalèt tou; moun kapab wè aparèy ki ka entèseptè misil toupatou nan vil Tokyo, kapital la, kòm mezi prekosyon devan posiblite pou Kore di Nò lanse misil sou peyi a. Kore di Nò te kòmanse lanse menas Ii yo aprè Konsèy Sekirite Nasyon Zini an te deside pran kèk nouvo sanksyon kont li, poutèt li te fè yon 3èm tès misil nan mwa fevriye pase a. Li denonse tou egzèsis militè Lèzetazini ap fè ansanm ak Kore di Sid tou prè Preskil Kore a.
XS
SM
MD
LG