Nan peyi Venezuela, yon gwoup etidyan ap fè yon grèv grangou pou yo pwoteste kont pwosesis elektoral la ki, dapre yo, manke jistis. Anviwon 25 etidyan inivèsite tabli yon kan anba lavil Caracas, kapital la, e yo pran angajman pou yo pa manje jiskaske eleksyon yo dewoule dimanch 14 avril 2013 la -eleksyon kote pèp la pral chwazi yon siksesè pou defen prezidan Hugo Chavez.
Tugomir Yepez, youn nan etidyan yo, deklare Pati Sosyalis ki sou pouvwa a jwenn plis avantaj ke Pati Inite opozisyon an nan pwosesis elektoral la ; kidonk, dapre li, genyen paspouki kap fèt an favè kandida pouvwa a.
Dènye sondaj yo montre prezidan pwovizwa a, Nicolas Maduro, ap mennen devan ak yon gwo avans sou kandida opozisyon an, Henrique Capriles. Sepandan etidyan yo di pwosesis la gen mank-e-melanj ladan n, paske Prezidan Maduro gen yon aksè san limit nan medya leta yo alòske Misye Capriles gen sèlman 3 minit pa jou pou l ka pase piblisite elektoral epi li dwe peye pou sa.
Kèk òganizasyon entènasyonal ki espesyalize nan zafè eleksyon, tankou Gwoup Carter a, deja fè konnen kè sote yo sou kèk pwoblèm tankou diferans nan posiblite kandida yo genyen pou yo jwenn sèvis medya yo ; sepandan yo bat bravo pou travay Konsèy Nasyonal Elektoral la reyalize pou dewoulman eleksyon prezidansyèl yo .
Pandan kanpay elektoral la ap anvanse e malgre risk ki poze pou sante etidyan yo, yo fè konnen yap kontinye grèv grangou a dekwa pou yo fòse responsab yo fè refòm nan pwosesis elektoral la.