Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Lidè Opozisyon Mande pou yo Kreye yon Kowalisyon Pou Fè-fas ak Gouvènman Martelly a


Plizyè pati politik opozisyon ayisyèn nan te reyini nan vil Gonayiv nan weekend nan pou reyaji sou fason gouvènman Martelly – Lamothe la ap dirije peyi Dayiti.

Patisipan yo adopte yon rezolisyon an 3 pwen ki mande rapatriman souverènte nasyonal la, bòn gouvènans ak òganizasyon eleksyon nan bon kondisyon.

Patisipan yo di pèp ayisyen an gen dwa rakousi manda prezidan Michel Martelly si yo reyalize li pa kenbe pwomès li te fè pandan kanpay prezidansyèl la.

Sekretè Jeneral Rasanbleman dè Demokrat Nasyono Progresis Mirlande Manigat, reponn kesyon Jean Robert Philippe sou rankont la.

Madam Manigat di yo pa kapab ale nan eleksyon ak pouvwa an plas la si yo pa fòme yon koalisyon djanm.

Sepandan, se pa tout pati politik opozisyon yo ki te patisipe nan rankont Gonayiv la.

Oganizasyon Pèp kap lite, OPL, se youn nan pati ki pat reponn prezan yo. Lidè OPL la, Sauveur Pierre Etienne di yo pat vle reyini ak pati ki pa chita sou prensip pou ranplase lidè pati a. Li reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.

Klike sou lyen ki agoch atik la pou w tande entèvyou
XS
SM
MD
LG