Accessibility links

Breaking News

Nouvo Menas Kore Di Nò Kont Lèzetazini


Kore di Sid konfime Kore di Nò delokalize yon misil sou kòt lès peyi a, kèk èdtan sèlman apre Pyongyang deklare li bay limyè vèt pou yon atak kont Lèzetazini.

Otorite militè ameriken yo di Washington pre pou l deplwaye yon sistèm defans misil avanse nan rejyon Pasifik la semèn k ap vini yo, kòm mezi prekosyon pou pwoteje l kont menas misil balistik nò koreyen yo.

Yon pòtpawòl Pentagòn nan di sistèm sa a pral baze sou teritwa ameriken Guam ki sou yon distans 3 mil kilomèt osidès preskil Koreyen an.

Minis defans Etazini an, Chuck Hagel, deklare Washington pran menas Kore di Nò yo trè oserye.

Li di: “Gen kèk nan aksyon nò-koreyen yo pran nan semèn ki pase yo reprezante yon bon jan danje klè e yo menase sètènman enterè alye nou yo, pou koumanse : Kore di Sid ak Japon epitou dirèkteman Lèzetazini, pou tonbe sou baz nou nan Guam, Hawai, ak kòt lwès Etazini.”

Kore di Nò kontinye ap ogmante tansyon nan preskil koreyen an lè li anpeche pou yon dezyèm jounen travayè Kore di Sid antre nan zòn Pak endistriyèl 2 peyi yo ap jere sou fwontyè nò a, sa vin konpwomèt dènye siy kowoperasyon ki te rete ant 2 lenmi yo.

Gen sèten ouvriye ki pè pou sekirite yo.
XS
SM
MD
LG