Ozetazini, prezidan Barack Obama deklare pa genyen konfli ant pwoteje dwa moun ki posede zam ak pwoteje lavi sitwayen ameriken yo.
Prezidan ameriken an fè deklarasyon sa a pandan li t ap rankontre yon gwoup polisye Eta Colorado---yon eta kote Gouvènè a siyen mwa pase plizyè lwa djanm sou kesyon zam afe yo.
Pami lwa eta sa a adopte yo genyen anpil prezidan Obama ta renmen Kongrè a vote.
Misye Obama a di : “Kounye a gen moun ki fè konnen nou gen dosye moun deja, e sa ase…. Pandan 20 tan, analiz dosye sa yo ede otorite yo poze men sou plis pase 2 milyon moun danjere ki t ap eseye achte zam. Men gen eleman ki toujou jwenn yon fason pou yo kontounen lalwa e sa lakòz yon paket kriminèl jwenn mwayen pou yo achte e posede zam ."
Prezidan Obama di, bon jan lwa ap redui pakèt krim ak zam yo. Dosye lwa sou zam nan kontinye ap domine aktyalite a isit Ozetazini kote gen anpil sektè ki an dezakò sou koze lwa pou pwoteje vi sitwayen yo ak pakèt krim ak zam k ap fèt yo.