Accessibility links

Breaking News

Seminè Fòmasyon Nan Florid Pou Ajan Biwo Anti-Dwòg Polis Nasyonal Ayiti a


Depatman Deta, Ajans anti-dwòg Etazini (DEA) ak Depatman Polis Miami-Dade la ap fè yon seminè fòmasyon 15 jou pou ajan BLTS Polis Nasyonal Ayiti a nan Florid.
Depatman Deta, Ajans anti-dwòg Etazini (DEA) ak Depatman Polis Miami-Dade la ap fè yon seminè fòmasyon 15 jou pou ajan BLTS Polis Nasyonal Ayiti a nan Florid.
21 ajan polis Inite Anti-nakotik peyi Dayiti Polis Nasyonal Ayiti a tanmen 3 semèn fòmasyon pou aprann teknik envestigasyon pou konbat aktivite kriminèl, tankou trafik dwòg.
Se Biwo Afè Entènasyonal Nakotik ak Represyon Depatman Deta Ameriken, Ajans anti-Dwòg (DEA) ak Depatman Polis Miami-Dade la ki mete ansanm pwogram nan, founi ekipman ak lojistik pou seyans fòmasyon yo.
Objektif 3 semèn fòmasyon sa yo: kore e ranfòse aptitid ak konpetans pwofesyonèl ajan Biwo Lit Anti-Stipefyan Ayisyen an (BLTS) epi ede yo bati rezo pwofesyonèl pa yo.
Fòmatè Miami-Dade yo pral pataje konesans ak eksperyans yo avèk tokay ayisyen yo pandan seyans antrenman ak fòmasyon yap bay nan Enstiti Fòmasyon Sekirite Piblik yo a nan Miami-Dade, dapre yon nòt Depatman Deta Ameriken pibliye.

“Ogmante kapasite ak konpetans pèsonèl BLTS la pral amelyore abilite ajan yo pou yo atake e konbat trafik ak kontrebann dwòg kap antre e kap kite sou tèritwa ayisyen an, selon nòt la ki ajoute “komès dwòg la nan peyi Dayiti, apa li mete andanje sitwayen ameriken, men li minen tou “eta de dwa” nan peyi a akòz koripsyon li ankouraje ak vyolans ame gang kriminèl ak gwoup opozisyon politik yo lap tizonnen.

Pwogram fòmasyon ajan Biwo Lit Anti-Stipefyan Ayisyen yo ap dewoule nan Depatman Polis Miami-Dade la (Eta Florid) e li rantre nan kad yon memorandòm konpreansyon Biwo Afè Entènasyonal Nakotik ak Represyon ansanm ak Depatman Police Miami-Dade la te siyen 19 novanm 2012 ane pase a pou l patisipe nan antrene, konseye e fòme ajan ki la pou fè respekte dwa entènasyonal la.
XS
SM
MD
LG