Accessibility links

Breaking News

Plis Apèl pou Mande Ekzekitif ayisyen an Akselere Pwosesis Elektoral la


UN-Haiti
UN-Haiti
Ann Ayiti, plizyè sektè politik ak sosyete sivil la kontinye lanse apèl bay pouvwa ekzekitif la pou mande l pibliye dekrè sou fòmasyon Kolèj Tranzisyon Konsèy Elektoral Pèmanan an.

Nan sans sa a, Depite Kenston Jean-Baptiste, ki pale nan non PSP (Pati pou Estabilite ak Pwogrè, pati majoritè a nan chanm bas la), mande pouvwa egzekitif la pran dispozsiyon pou eleksyon yo dewoule anvan fen ane a.

Depite Kap-Ayisyen an lonje dwèt sou sa l konsidere kòm yon posib men-miz entènasyonal sou pwosesis elektoral la, si dirijan ayisyen yo pa sispann trennen pye yo epi prese mete devwa yo o-pwòp.

Klike sou ikon ki agoch la pou n koute kèk reyaksyon sou sa kèk obsèvatè konsidere kòm yon blokaj pwosesis electoral la avèk korespondan nou Rotchild François Junior ki nan Pòtoprens.
XS
SM
MD
LG