Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Depite Gérard Georges Denonse Dilatwa Egzekitf la nan Pwosesis Elektoral la


Ann Ayiti, yon manm chanm bas la, Depite Guy Gérard Georges, eksprime enkyetid li devan lantè pouvwa ekzekitif la pou l pibliye dekrè sou fòme Kolèj Tranzisyon Konsèy Elektoral Pèmanan an.

Misye Georges atire atansyon sou le fèt ke sa fè lontan deja depi palman an deziye reprezantan li nan antite electoral la, li pa wè rezon pou lòt pati konsène yo (tankou CSPJ, pa egzanp) poko pran dispozisyon pou yo gen reprezantan pa yo nan KT-KEP a.

Se konsa tou, Depite Gérard Georges rejte nosyon ki vle fè konprann se sou dikte oubyen presyon lentènasyonal otorite ayisyen yo kapab aji. Li fè konnen responsab peyi a kapab fikse ajanda aksyon yo poukont yo epi egzekite an tout endepandans pwogram ki nesesè pou yo fè travay repiblik la e defann enterè nasyon an.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon repòtaj korespondan nou Rotchild Francois Junior ki gen reyaksyon palmantè a.
XS
SM
MD
LG