Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Jistis: Opinyon Diferan sou yon Posib Leve Iminite 2 Palmantè


Depite Jean Rupert Laforet (Jérémie-Grand’Anse) mande kòlèg li yo reflechi byen avan yo deside leve iminite 2 palmantè sou demand lajistis. 2 palmantè sa yo se Depite Rodriguez Sejour ak N’Zounaya Jean-Baptiste Belange ki anba akizasyon deske yo ta gen responsablite nan lanmò yon polisye, Walky Calixte, ki te mouri asasinen nan mwa d avril 2012.

Yon lòt kote, atis e chantez byen koni Farah Juste lanse apèl bay tout ayisyen pou l mande yo mete enterè pèsonèl yo sou kote pou yo travay pou pwogrè peyi yo. Madam Juste atire atansyon sou le fèt ke Ayiti an reta anpil pa rapò ak rès mond la, sitou nan domèn elektwonik la. Li ankouraje tout pitit peyi a patisipe nan efò ki dwe fèt pou elimine reta sa a.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute detay 2 nouvèl sa yo avèk korespondan nou Luckner Laguerre (nan Jérémie) epi Jean Christophe Collègue (nan Mirebalais).
XS
SM
MD
LG