Accessibility links

Breaking News

Yon Fanm ap Dirije Sèvis Sekrè Lèzetazini an pou la Premye Fwa


Ozetazini, Julia Pierson prete sèman nan Lamezon Blanch, nan Washington, mèkredi 27 mas 2013 la, kòm nouvo direktè Sèvis Sekrè ameriken an. Li pral travay ak Prezidan Barack Obama e ak Vis Prezidan Joe Biden.

Madam Pierson se premye fanm kap dirije ajans sa a ki gen responsabilite pou l pwoteje Prezidan an, Vis Prezidan ak manm fanmi yo. Prezidan Obama di Madam Pierson genyen yon karyè 30 tan ki ka sèvi egzamp pou lòt nan ajans la e gwo konpetans li ba li kalifikasyon li bezwen pou l fè travay la.

Prezidan Obama deklare :"Mwen dwe di Julia genyen yon repitasyon ekstrawòdinè nan sèvis la. Li te kòmanse kòm yon senp anplwaye, e li pase pa preske tout etap posib nan sèvis sekrè a. San di pètèt, li gen yon dosye pèsonèl a-pa pami tout direktè ajans la, e mwen panse tout moun dwe fyè de li anpil. Nou plase yon gwo konfyans nan bèl travay li pral fè nan tèt ajans la e nou si-e-sèten li pral fè yon bon travay."

An plis responsabilite Sèvis Sekrè a genyen pou l pwoteje prezidan an, li la tou, antwot, pou l mennen ankèt sou fwod ki gen rapò ak fo epi izaj-de-fo, fwod nan kat-kredi ak lòt krim finansye.
XS
SM
MD
LG