Accessibility links

Breaking News

Atak Teworis Nan Afganistan Pandan Vizit Sekretè Deta Ameriken John Kerry


Otorite Afganistan yo anonse yon gwoup kamikaz atake yon baz lapolis nan vil Jalalabad, nan lès peyi a, bilan: 5 polisye pou pi piti mouri.

Lapolis fè konnen youn nan atakan yo te sote yon machin pyeje douvan jou madi 26 mas la nan antre katye jeneral polis la.

Omwen 2 lòt kamikaz sote tèt yo anndan bilding nan. Plizyè lòt militan peri nan yon boukantay kout zam ki te dire inèdtan.

Militan Taliban yo pat pran tan pou yo pran responsabilite atak la ki fè omwen 4 blese nan mitan polisye yo.

Atak sa a dewoule nan moman sekretè deta Etazini an, John Kerry, ap fè 2 zyèm tranch chita-tande li avèk prezidan afgan an, Hamid Karzai.

Chèf diplomasi amerikèn nan ap fè yon vizit brèf sanzatann nan Kaboul, vizit sa a se pou repare relasyon Washington ak gouvènman afgan an.
XS
SM
MD
LG