Accessibility links

Breaking News

L’ONU Resevwa Demand pou l Pwolonje Manda MINUSTAH Rive Jous nan Lane 2016


Reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an nan peyi Dayiti, Nigel Fisher, fè depozisyon, mèkredi 20 mas 2013 la, nan yon seyans Konsèy Sekirite Nasyon Zini an kote li lanse lide pou MINUSTAH rete nan peyi a jous nan lane 2016.

Kriz elektoral la ak nesesite pou otorite ayisyen yo òganize eleksyon pou renouvle tyè Sena a -san bliye lidè kolektivite teritoryal yo- te nan sant seyans sa a. Oganizasyon mondyal la –menm jan ak plizyè lot patnè entènasyonal Ayiti- dispoze pote konkou l nan efò ki nesesè pou eleksyon sa a dewoule --eleksyon ki, daprè l’ONU, kapab rake pwosesis estabilizasyon an nan peyi karayib la .

Klike sou ikon agoch la pou w koute yon entèvyou Jean Robert Philippe reyalize ak korespondan nou nan Pòtoprens Clarens Renois, sou dosye eleksyon-an ak lòt gwo pwen k ap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG