Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Barack Obama nan Si-Jòdani


Prezidan Barack Obama ap salye repòtè yo pandan lap mache bò kote Prezidan Palestinyen an, Mahmoud Abbas (adwat) nan moman li tap rive nan Palè Mouqata, nan vil Ramallah, Si-Jòdani (21 mas 2013).
Prezidan Barack Obama ap salye repòtè yo pandan lap mache bò kote Prezidan Palestinyen an, Mahmoud Abbas (adwat) nan moman li tap rive nan Palè Mouqata, nan vil Ramallah, Si-Jòdani (21 mas 2013).
Prezidan ameriken an, Barack Obama, kap fè yon toune nan Mwayen Oryan an depi mèkredi 20 mas 2013 la, ale nan Si-Jòdani kote li fè chita-tande avèk prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas, e ak Premye Minis Salam Fayyad.

Kèk èdtan anvan Misye Obama te rankontre ak Misye Abbas jedi, lapolis nan peyi Izrayèl te fè konnen militan ki sou Bann Gaza a (yon tèritwa ki anba kontwòl HAMAS) te tire 2 kout-wòkèt sou pati sid Izrayèl kote yo fè dega nan lakou yon kay; men pa gen moun ki blese.

Misye Obama te debake ann Izrayèl mèkredi 20 mas la pou premye vizit li kòm prezidan ameriken nan eta ebre a. Li deklare li vle pale dirèkteman ak pèp izrayelyen an e ak vwazen Izrayèl yo sou le fèt ke li kwè “lapè dwe tabli sou Latè Sent."

Prezidan Obama rankontre ak Premye Minis Benjamin Netanyahu e ak Prezidan Shimon Peres. 2 lidè izrayalyen yo di Lèzetazini ak Izrayèl ap eseye relanse negosyasyon lapè yo avèk palestinyen yo. Prezidan Peres deklare:

« Nou deja mete nou dakò pou n di objektif la se yon solisyon ki rekonèt egzistans 2 eta pou 2 pèp. Pa gen yon solisyon ki pi bon, ki pi reyalizab. Nou konsidere prezidan Pouvwa Pelestinyen an kòm patnè nou nan efò kap fèt pou bloke aksyon teworis yo e pou tabli lapè.»

Misye Obama, bò kote pa l, deklare li tire yon avantaj pèsonèl nan opinyon Prezidan Peres bay sou fason pou yo fè fas ak pwoblèm ki poze nan mond arab la, sou menas pwogram nikleyè Iran an poze, e sou nesesite pou gen lapè ant Izrayelyen e Palestinyen. Misye Obama di:

“Mwen repete pou Prezidan Peres -menm jan mwen va fè sa pandan tout vizit mwen an - pwomès ke nan efò sa a, Izrayèl pap genyen yon pi bon zanmi, yon pi gwo alye pase Lèzetazini. E travay nap fè nan peryòd pa nou an, va fè li vin pi fasil pou timoun mwen rankontre Jodi a --menm jan ak tout lòt timoun ki nan rejyon an-- ebyen! travay nou reyalize va fè l pi fasil pou timoun sa yo gen sekirite, lapè ak pwosperite.”

Vandredi 22 mas la, Misye Obama prale nan peyi Jòdani kote li va fè chita-tande avèk Wa Abdala. An plis tout rankont ofisyèl ki sou pwogram prezidan ameriken an, li gen pou l vizite yon seri de sant kiltirèl ak relijye nan rejyon an; pa egzanp, li prale nan yon mize ann Izrayèl pou l jete yon koutje sou sa teyolojyen yo rele «maniskri Lanmè Mòt la» (sètadi dosye yo jwenn nan kèk gwòt ki nan zòn Lanmè Mòt la e ki ekri nan lang ansyen sou relijyon, sou lafwa, oubyen sou rapò pèp ansyen yo ak Bondye), epi yon vizit nan Legliz La Nativite nan Betleyèm, vilaj kote tradisyon kretyen yo di Jezi te pran nesans.
XS
SM
MD
LG