Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon sou Chwa 3 Reprezantan Pouvwa Lejislatif la nan CT-CEP a


Reyaksyon kontinye tonbe sou chwa 3 moun Chanm Depite a soumèt devan Egzekitif la pou reprezante pouvwa lejislatif la nan Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an (CT-CEP), enstitisyon ki pral gen responsabilite pou l òganize pwochèn eleksyon yo ann Ayiti.

Pa egzamp, Depite Levaillant Louis Jeune, ansyen prezidan Chanm Bas-la, bat bravo pou desizyon an pandan li kritike pozisyon ansyen Senatè Joseph Lamber ki, jodi a, ap jwe wòl konseye espesyal pou Prezidan Martelly e ki denonse chwa youn nan 3 reprezantan palman an kòm sa l konsidere kòm « yon pwovokasyon ».

Klike sou ikon agoch la pou koute yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Junior.
XS
SM
MD
LG