Accessibility links

Breaking News

Yon Koutje Sou Lavi a nan Bagdad ... 10 Zan Apre


Timoun kap vizite yon otobis ki detrui nan yon atak machin pyeje nan katye chiyit Site Sader, nan Bagdad (19 mas 2013).
Timoun kap vizite yon otobis ki detrui nan yon atak machin pyeje nan katye chiyit Site Sader, nan Bagdad (19 mas 2013).
Madi 19 mas 2013 la te make 10èm anivèsè envasyon militè Lèzetazini te dirije nan peyi Irak pou ranvèse gouvènman Prezidan Saddam Hussein nan. Menmsi anpil irakyen fè konnen lavi a amelyore nan peyi yo apre 10 zan, pou divès lòt eritaj lagè a pa dous ditou-ditou. Abdel Khaled se yon moun Bagdad ki fè lavi li nan pentire kay, yon metye ki ba li 30 dola ameriken pa jou. Misye Khaled di:

«Se tout moun kap soufri. Pa genyen travay. Si yon patwon ofri yon travay, se tout moun ki vare sou li, kap goumen pou yo jwenn dyòb la. Lajan ou fè a pa tèlman anpil; bagay yo pa bon menm e sanble plis jou ap pase, se plis sa ap vin pi mal. »

Nan youn nan mache vil Bagdad yo, nou jwenn madam Najila Ali Saba. Manmzèl vini la a pou l achte sa l bezwen pou l pran swen 9 pitit li yo ak 21 pitit-pitit. Daprè li, youn nan pi gwo pwoblèm ki poze nan Bagdad, se afè bonm ki pa sispann eksploze nan vil la. Madam Ali Saba deklare:

« Lavi a difisil akoz move sitiyasyon sekirite nap viv la, akoz zak teworis yo. Pi fò teworis yo pa irakyen. Se moun ki sòti nan lòt peyi.»

Si ou ale nan katye Mansour, kote moun rich abite, sekirite a tèlman pi bon, moun konn sòti ata nannuit pou y al achte nan boutik ak magazen ki rete ouvè byen ta. Yon irakyen ki rele Ozama Rasheed, pwopriyetè youn nan boutik yo, rann temwayaj pou l di :

« Sekirite a pi bon pase jan sa te ye sa gen 2, 3, 4 lane ; e nou espere li pral kontinye amelyore. »

Kèk abitan Bagdad di yo pa gen espwa sitiyasyon an pral retounen nan nòmal li, sètadi jan sa te yen anvan envazyon fòs kowalisyon entènasyonal la; tandiske gen lòt ki plase anpil espwa nan yon demen miyò.
XS
SM
MD
LG