Accessibility links

Breaking News

Premye Vizit Prezidan Obama nan Peyi Izrayèl


Prezidan Barack Obama (nan mitan), avèk Prezidan Shimon Perez (a goch) epi Premye Minis Benjamin Netanyahu (a dwat), nan seremoni ki make arive Misye Obama nan ayewopò entènasyonal Ben Gurion nan Tel Aviv (20 mas 2013).
Prezidan Barack Obama (nan mitan), avèk Prezidan Shimon Perez (a goch) epi Premye Minis Benjamin Netanyahu (a dwat), nan seremoni ki make arive Misye Obama nan ayewopò entènasyonal Ben Gurion nan Tel Aviv (20 mas 2013).
Prezidan ameriken an, Barack Obama, kòmanse premye visit li ann Izrayèl mèkredi 20 mas 2013 la. Aprè lidè ameriken an fin rive nan peyi a, Sekretè Deta John Kerry genyen pou al jwenn li laba a, nan moman yon nouvo gouvènman ap enstale nan Izaryèl avèk yon kabinè ki genyen ladan n anpil minis ki dakò ak lide pou gouvènman an kontinye enstale koloni pèpleman sou tèritwa okipe yo.

Apre Prezidan Obama fin debake nan ayeropò Ben Gurion nan nan Tel Aviv –kote Prezidan izryelyen an, Shimon Perez, te prezan pou resevwa li- li pale de dispozisyon administrasyon n nan pran pou l kore rapò li ak eta jwif la epi li repete angajman li vizavi sekirite Izreyèl. Prezidan Obama di :

“Mwen konsidere vizit sa a kòm yon opòtinite pou nou re-afime lyen ki pa kapab kase ki egziste ant 2 peyi nou yo, pou n repete angajman innebranlab Lèzetazini vizavi sekirite Izrayèl, e pou n pale dirèkteman ak pèp izrayelyen an e ak vwazen li yo.”

Vis-konseye ameriken pou kesyon sekirite nasyonal, Ben Rhodes, pale pou l di pa genyen anyen ki ka raplase mesaj Prezidan Obama pral mete devan pèp Izrayelyen an direktèman, kote li pral afime apui Lèzetazini pou sekirite Izrayèl. Misye Rhodes kontinye pou l di Washington envesti anpil nan Pouvwa Palestineyen an ki, daprè li, se « reprezantan lejitim pèp palestinyen an. »

Sepandan, palestinyen yo fè konnen, jiskaprezan, Prezidan Obama ba yo anpil desepsyon, epi yo pa tèlman wè rezon pou yo plase twòp espwa nan 2èm manda l la. Lidè ameriken an genyen pou l vizite tou peyi Jòdani kote, depi kèk tan deja, Lèzetazini ap ede otorite yo fè fas ak yon gwo kantite refijye siryen kap kite Siri pou yo antre nan peyi vwazen an.
XS
SM
MD
LG