Accessibility links

Breaking News

Seremoni Enstalasyon Pap François Madi 19 Mas 2013 nan Vatikan an


Fidèl katolik ap swiv seremini envestiti Pap François sou yon ekran jeyan tou pre Katedral Metwopolitèn Buenos Aires la (madi 19 mas 2013).
Fidèl katolik ap swiv seremini envestiti Pap François sou yon ekran jeyan tou pre Katedral Metwopolitèn Buenos Aires la (madi 19 mas 2013).
Nan Vatikan, nan yon seremoni moun pa wè souvan (an tou ka, yon seremoni ki dewoule chak fwa yon nouvo pap ap kòmanse pontifika li), nouvo chèf legliz katolik la lanse apèl bay fidèl yo pou l mande yo pwoteje timoun yo ak granmoun aje yo, san bliye Legliz ak rès kreyasyon an. Pap François pale konsa nan yon omeli li pwononse nan seremoni envestiti li sou plas Sen Pyè a, byen bonè madi 19 mas 2013 la. Pap la di :

« Mwen ta vle mande tout sila yo ki okipe yon pòs responsablite -- kit se sou plan politik, ekonomik, sosyal oubyen sou plan anviwonnman an -- tout fanm ak gason de bòn volonte, silvouplè, map mande nou sonje nou tout se pwotektè kreyasyon an, pwotektè plan Bondye ki ekri nan lanati; nou youn se pwotektè lòt, nou se pwotektè anviwonnman an. Pinga nou kite lasyans destriksyon ak lanmò a akonpaye vwayaj nou sou tè sa a.

Souvren Pontif la prezante omeli li a nan lang italyèn nan anba yon bèl syèl ble, devan yon foul yo estime a 150 mil moun kote ou te jwenn lidè politik (fanm kou gason) ki sòti nan plis pase 130 peyi, mete sou reprezantan divès relijyon. Pami envite enpòtan yo, genyen lidè espirityèl kretyen òtodòks yo nan lemond, Bertholomew. Se premye patriyach gwoup relijye sa a --ki gen baz-li nan vil Istanboul, nan peyi Tiki-- ki patisipe nan seremoni envestiti yon pap depi legliz inivèsèl la te divize sa genyen preske mil an.

Byen bonè nan kòmansman jounen madi a, anvan seremomi envestiti papal la te kòmanse ofisyèlman, Pap François te fè yon virewon sou plas Sen Pyè a nan otomobil papal dekapotab li a (papamobil la) pou l te salye fidèl ki te reponn prezan pa bann e pa pakèt nan okazyon an pou yo rann li omaj. Asistans la fè drapo Vatikan an ak lòt kalte banyè flote pou yo manifeste apui yo pou nouvo chèf legliz katolik la.

Nouvo pap la te fè yon kanpe plizyè fwa pou l te beni divès timoun ki te nan foul la; yon fwa menm, li te prese desann otomobil papal la pou t al beni yon nèg andikape ke lòt moun tap pote sou bra yo –yon jès ki raple pasaj nan Labib kote yo te fè yon paralitik desann nan fetay yon kay pou Jezi te kapab geri li.

Pap François resevwa bag ak chal an lèn ki fè l tounen reprezantan premye pap la, an palan de Sen Pyè, ak tout kòmandman yon pap resevwa kom bèje kominote katolik la ki genyen ladan l yon afè de 1 milya 200 milyon fidèl. Pami diyitè ki asiste seremoni an, genyen Christina Fernandez de Kirchner, prezidan peyi Ajantin kote nouvo pap la te pran nesans, avèk Vis Prezidan ameriken an, Joe Biden, ki se yon fidèl katolik women.

Nan Buenos Aires, kapital Ajantinn nan, plizyè milye moun te rasanble nan nuit lendi swa pou leve madi maten, pou yo te patisipe nan yon retrèt-o-flanbo kote yo selebre monte François kòm nouvo chèf legliz katolik womèn nan.
XS
SM
MD
LG