Accessibility links

Breaking News

Premye Mès Dimanch Pap François / Li Deranje Latradisyon


Pap François prezante salitasyon li bay yon foul anviwon 150 mil pèlren ki te rasanble sou plas Sen Pyè a, dimanch 17 mas 2013 la, pou yo swiv premye mès li sou 4èm jou li kòm chèf legliz katolik womèn.

Kontrèman ak tradisyon, Pap François te pale ak foul la nan lang Italyen an; pi fò deklarasyn li yo te enpwovize, sètadi yo pat sòti nan yon diskou prepare pap yo abitye li pou lapriyè lanjlis la.

Si Pap Francois te pwononse mo « Buon Giorno » -ki vle di « bonjou »- pou l kòmanse mesaj li a, li te fini li a avèk mo « Buon Pranzo » ki vle di « mwen swete nou yon bon dejene. »

Anvan sa, nouvo chèf legliz katolik womèn nan te delivre yon ti omeli --donk yon prèch tou kout-- devan plizyè santèn anplwaye Vatikan an ak manm fanmiy yo, nan yon mès li te chante nan Legliz Sent Ann nan, nan vil Wòm. Aprè lamès la, pap la te mache bay fidèl yo lanmen e li te anbrase plizyè ti moun ki te vini ak paran yo.

Souvren Pontif la te menm travèse baryè Vatikan pou l t al rankontre yon gwoup fidèl ki tap bat bravo pou li e chante slogan ak non l, pandan yo te dèyè yon kòdon lapolis.

Konpòtman dekontrakte Pap Francois ak jan li renmen rete prè pèp la, deja tounen yon mak fabrik pou pontifika li a ki rive sou 5èm jou li sèlman.
XS
SM
MD
LG