Accessibility links

Breaking News

Lachin - Politik : Li Keqiang Ranplase Wen Jiabao kòm Premye Minis Peyi a


Nan peyi Lachin, nan kòmansman jounen vandredi 15 mas 2013 la, palman an eli Li Keqiang kòm premye minis nan moman pati kominis la rive nan faz final yon tranzisyon politik ki fèt chak dizan.

Tankou moun te ka atann yo daprè previzyon ki te fèt, prèske tout manm Kongrè Nasyonal Pèp la vote an favè Misye Li kòm ranplasan Wen Jiabao. Nouvo premye minis la, ki gen 57 tan e ki pale anglè, pral pran tèt gouvènman chinwa a e se li ki pral dirije operasyon ki sou pye pou kore ekonomi peyi a.

Palman an, ki toujou apwouve desizyon pati kominis la, te vote jedi pou l nonmen Xi Jinping kòm nouvo prezidan nan yon fòmalite ki te fèt pou konplete chwa dirijan wo-plase Lachin yo.
XS
SM
MD
LG