Accessibility links

Breaking News

Ayiti - Eleksyon : Kriz la Poko Jwenn yon Solisyon


Palman ayisyen an rete divize sou nominasyon 3 reprezantan pouvwa lejhisliatif la nan Kolèj Tranzitwa Konsèy Elektoral Pèmanan an (CTCEP).

Enpas la pèsiste malgre anons Prezidan Michel Martelly te fè pou l di pwoblèm fòmasyon Kolèj Elektoral la ap rezoud apre 3 premye manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) te ba li garanti yo dispoze bay demisyon yo volontèman nan yon jès patriyotik pou debloke kriz la.

Klike sou ikon agoch la pou w koute yon entèvyou Jean Robert Philippe fè avèk Clarens Renois sou dosye sa a ak lòt pwen kap domine aktyalite a ann Ayiti.
XS
SM
MD
LG