Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Ameriken an fè Premye Vizit li nan Afganistan


U.S. Secretary of Defense Chuck Hagel walks from a blackhawk helicopter to his military transport aircraft in Kabul, March 11, 2013, as he returns to Washington. REUTERS/Jason Reed (AFGHANISTAN - Tags: MILITARY POLITICS) - RTR3EU52
U.S. Secretary of Defense Chuck Hagel walks from a blackhawk helicopter to his military transport aircraft in Kabul, March 11, 2013, as he returns to Washington. REUTERS/Jason Reed (AFGHANISTAN - Tags: MILITARY POLITICS) - RTR3EU52
Minis Defans ameriken an, Chuck Hagel, fè premye vizit li nan Afganistan kote prezidan Hamid Karzai fè yon diskou e lanse akizasyon kont Lèzetazini kòmkwa li ta mete nan yon plan pou l destabilize gouvènman n nan, pa le fèt ke Washington ta va ap rankontre regilyèman ak Taliban yo dèyè do otorite yo nan Kaboul.

Pandan vizit sa a tou, otorite yo te resevwa kèk menas ki oblije sèvis sekirite yo anile yon konferans pou laprès Misye Hagel te sipoze bay ak Prezidan Karzai. Otorite yo pa bay detay sou kesyon menas la; men, yon jou anvan misye Hagel te rive Kaboul, ezplozyon 2 bonm (youn nan kapital la, youn nan vil Khost) te touye 19 moun.

Nan yon diskou Prezidan afgan an fè byen bonè dimanch 10 mas la, li akize Tabilan yo dèske y ap travay pou Lèzetazini, lè yo lanse atak pou yo fè sitwayen afgan yo pè, yon fason pou fè yo antre nan yon lojik ki mande pou twoup militè ameriken yo rete nan peyi a aprè dat limit ki fikse pou yo fin pati a, an palan de fen ane 2014.

"Objektif ekzplozyon bonm ki rive nan Khost ak Kaboul yè a, se pa pou montre Lèzetazini nou gen fòs. Se yon bagay ki fèt pou sèvi Lèzetazini. Nan bagay sa a, nou fèt pou wè dat-limit 2014 la. Y ap eseye fè n pè pou n aksepte lide ke, si etranje yo pa ann Afganistan, eben, se sitiyasyon konsa nou pral genyen pou n jere."

Nan deklarasyon Minis defans Hagel fè bay laprès, li fè konnen pa gen verite ditou nan pawol ki fè konprann Lèzetazini ap travay ak Taliban yo:

"Mwen di prezidan an se pa vre dutou, Lèzetazini pap travay inilateralman ak Taliban yo, pou nou ta negosye kwakeseswa. La verite sèke, nenpòt ki pwosesis lapè ak rekonsilyasyon, nenpòt ki aranjman, fèt pou gen Afganyo nan tèt li. Se bò kote afgan yo pou sa sòti."

Pi gwo kòmandan ameriken ki ann Afganistan, jeneral Joseph Dunfort, kritike prezidan Karzi pou deklarasyon n nan. Ofisye siperyè a di: “Nou batay twò di pandan 12 zan ki pase yo, nou vèse twòp san, pou yon moun panse ke vyolans oubyen enstabilte, se bagay ki nan avantaj nou.”
XS
SM
MD
LG